PDG Radyo Ayiti Libere a, Wesner Ismo Adam’s mouri nan lopital jeneral Nòtredàm Tigwav

117
0
Share:
TRiboLAND

05 – 28 – 2026

Tigwav, Ayiti _____ (TRiboLAND) Propriyetè Direktè Jeneral (PDG) Radyo Ayiti libere Wesner Ismo Adam’s mouri jounen mèkredi 27 me 2026 lan, nan lopital jeneral Nòtredam Tigwav la.

Sitiyasyon sa a rive, swit ak arestasyon PDG a, nan kad yon konfli tèryen nan dat 28 janvye 2026 pase a, nan Ri Benwa Tigwav. Depi lè sa a, Ismo Adam’s tap koupi nan prizon sivil jiridiksyon an, jouk sitiyasyon sante li dejenere aprè 4 mwa, kote yo te transpòte li nan lopital jeneral Nòtredàm Tigwav vandredi pase pou swenyaj nesesè. Malerezman, DG a ta pral tonbe mouri yè mèkredi 27 me a 2026 la sou kabann lopital.

Toutfwa, dosye sa a, ki lage gwo pale anpil nan mitan popilasyon an ak fanmi e zanmi PDG a, akoz yo akize otorite jidisyè yo nan Tigwav pou neglijans ou iresponsabilite. Gen deklarasyon ki ta menm ale pi lwen pou akize otorite jisdisyè konplis nan lanmò jèn gason sa a, Wesner Ismo Adam’s.

Share:

Leave a reply