Enstalasyon yon nouvo katèl majistra enterimè nan meri Grangwav.

05 – 28 – 3026
Grangwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Nouvo katèl ajan egzekitif enterimè meri Grangwav la, enstale nan pòs yo, nan yon seremoni ki dewoule madi aprèmidi 26 me 2026 lan, nan sal konferans entèvansyon an. Enstalasyon sila, te fèt an prezans divès pèsonlite politik, katèl majistra sòtan an, ki te vin fè pasayon an, notè, apantè, avoka, manm nan sosyete sivil la, fanmi ak zanmi nouvo majistra yo.
Nouvo prezidan katèl la, Joseph Jean Pierre Salam, nan diskou sikonstans lan, deklare ekip li a pral travay san pran souf pou leve eskanp figi Grangwav atravè yon plan yo pwal mete anplas. Li mande kolaborasyon chak sitwayèn ak sitwayen pou a avansman komin nan.
Li enpòtan pou nou fè remake, aprè seremoni enstalasyon an, plizyè dizèn moun te pran lari yon fason pou esprime satisfaksyon yo anvè nouvo katèl majistra yo ki selon yo, senbolize yon nouvo depa pou komin Grangwav.






