Chèf polis nasyonal la nan Grandans felisite nan okazyon bilan 2 lane li, travay pwofesyonèl jounalis Franckel Maginaire.

72
0
Share:
TRiboLAND

05 – 22 – 2026

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan okazyon bilan 2 zan kòm direktè depatmantal fòs polis la nan Grandans peyia, direktè depatmantal Frantz Saint Armand felisite franch kolaborasyon ak travay pwofesyonèl jounalis Franckel Maginaire, ki selon komisè divizyonè a, sa kontribye nan bilan pozitif ke li mwenm tou realize nan tèt direksyon depatmantal la ak ekip polisye pandan venn kat mwa e kèk jou.

Direktè Saint Armand ale pi lwen pou ankouraje divès lòt pwofesyonèl nan près la nan Grandans pou rete nan reglèman ak pwensip ki reji fonksyonman près legal konstitisyonèl la, ki genyen yon misyon nòb nan tabli eta dedwa; sitou nan fason jounalis pwofesyonèl yo ap ekzèse metye a.

Direktè depatmantal lan pat senpleman fokis sou pwofesyonalism Franckel Maginaire kòm yon jounalis ekzanplè nan près Grandans lan ; se te okazyon tou pou li te mete anvalè travay ak kolaborasyon divès lòt otorite etatik ki kontribye sou yon fòm kèlkonk ki fasilite travay lapolis la nan Grandans efikas aprè depa ansyen direktê depatmantal polis Grandans Louis Edner Yacinthe.

Share:

Leave a reply