Nouvo lokal Bawo Pòdpe a inogire ofisyèlman anba direksyon Batonye Edler Louima

192
0
Share:
TRiboLAND

05/19/2026

Pòdpe, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon moman ki make listwa Bawo Pòdpe a, Batonye Edler Louima inogire nouvo lokal enstitisyon an jodi madi 19 me 2026 la, kèk mwa avan fen manda li. Seremoni an te dewoule nan prezans plizyè avoka, jij ak lòt pèsonalite nan sistèm jidisyè a. Travay konstriksyon ak amenajman lokal la te kòmanse sou direksyon ansyen batonye yo, Me Job Louis ak Me Elunes Dumesle, avan yo rive finalize sou administrasyon aktyèl la.

Nouvo lokal la genyen yon sal atant, yon biwo administratif, yon bibliyotèk ansanm ak lòt enfrastrikti modèn ki fèt pou amelyore kondisyon travay ak resepsyon nan bawo a. Nan diskou li, Me Edler Louima remèsye tout predesesè li yo ki te lanse pwojè sa a malgre anpil difikilte. Li fè konnen travay la poko fini, paske pwojè a prevwa konstriksyon yon sal konferans ansanm ak realizasyon simityè avoka yo. Batonye a te pwofite ankouraje pwochen responsab ki pral pran tèt bawo a pou kontinye sou menm chimen devlopman an.

Apre de manda pandan yon peryòd kat lane, Me Edler Louima deklare menm lè li pap batonye ankò, li pral toujou rete atache ak lavi ak avni bawo a. Li remèsye espesyalman tout kòlèg avoka yo ansanm ak moun ki te sipòte l nan divès pwojè li reyalize yo. Pou fini seremoni an, Jij Adelson, sou demann batonye a, te deklare ofisyèlman nouvo lokal Bawo Pòdpe a fonksyonèl.

Share:

Leave a reply