223e Fèt Drapo, Pòdpe Selebre nan Inite, Men Popilasyon an Voye Gwo Mesaj bay Leta

56
0
Share:
TRiboLAND

05/18/2026

Pòdpe, Ayiti ______(TRiboLAND) Vil Pòdpe te abiye an ble ak wouj jodi lendi 18 me 2026 la pou make 223e anivèsè kreyasyon drapo ayisyen an. Plizyè aktivite patriyotik ak kiltirèl te òganize atravè vil la pou rann omaj ak youn nan pi gwo senbòl fyète pèp ayisyen an. Direksyon depatmantal Nòdwès MJSAC, anba lidèchip Destima Fedner Raymond, te mete sou pye gwo aktivite Leta Pak Kapwa Lamò ansanm ak divès enstitisyon eskolè. Paralèlman, kèk òganizasyon prive te anime lòt aktivite nan plizyè lekòl tankou Fatima, CNDL ak Kay Frè a, kote divès gwoup majorèt ak sitwayen yo te chante, defile epi leve drapo a byen wo.

Nan Site Kapwa Lamò a, anpil rezidan ak jèn te rasanble pou selebre fèt drapo a malgre difikilte sosyal ak ekonomik yo ap sibi chak jou. Anpil moun te montre atachman yo ak peyi a pandan yo te mete aksan sou enpòtans inite nasyonal la nan moman peyi a ap travèse yon gwo kriz. Pou plizyè patisipan, fèt drapo a rete yon moman espesyal ki raple sakrifis zansèt yo epi ki bay espwa pou yon Ayiti miyò.

Sepandan, dèyè atmosfè fèt la, plizyè sitwayen te pwofite voye mesaj sevè bay Premye Minis defakto Alix Didier Fils Aimé sou kesyon ensekirite k ap taye banda nan peyi a. Jean Romain, youn nan patisipan yo, kritike Leta a paske li estime otorite yo pèdi kontwòl peyi a depi plizyè lane, sa ki fè anpil aktivite nasyonal pèdi sans ak valè yo te genyen lontan. Malgre tout sa, popilasyon an kontinye montre rezistans ak lanmou pou drapo ayisyen an, ki rete senbòl inite ak diyite pèp la.

Share:

Leave a reply