Yon mès rekiyèm chante nan legliz katedral Tigwav la, nan memwa avoka yo ki tonbe.

81
0
Share:
TRiboLAND

05 – 16 – 2026

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Sou inityativ bawo avoka yo nan jiridiksyon Tigwav, reveran pè Savio Stermé chante yon mès rekiyèm maten vandredi 15 me 2026 lan, nan memwa tout avoka ki tonbe nan jiridiksyon an. Nan okazyon selebrasyon Sent Iv ki se patwon avoka yo.

Aprè mès rekiyèm sila, avoka yo te mache ak tòj yo pou ran ‘n yo nan tribinal premye enstans sivil Tigwav la pou klotire aktivite mès la ak yon diskou ansyen batonye avoka yo nan bawo jiridiksyon Tigwav la, mèt Delpêche Joassaint. Ansyen batonye a, te mande avoka yo pou obsève yon minit silans pou avoka ki devanse yo. Li prezante defen dwayen tribinal premyè enstans sivil jiridiksyon Pòtopwens lan, mèt Rock Cadet kòm yon majistra serye, entèg, konpetan nan sistèm majistrati a.

Nap raple, mèt Rock Cadet mouri nan tranbleman tè 12 janvye 2010 pase a, nan biwo li nan tribinal premye enstans nan lakou Pòtopwens.

Share:

Leave a reply