Asosyasyon Fanm Vanyan Grandans aplodi chwa nouvo direktè jeneral ministè kondisyon fanm ak dwa fanm lan.

05 – 15 – 2026
Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Asosyasyon Fanm Vanyan Grandans, atravè vwa pòt pawòl li, mèt Erlanda Charles aplodi chwa minis Kondisyon Feminin lan pou nome mesye Desir Gonzague Hermanex kòm direktè Jeneral Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm. Daprè mèt Charles, minis lan fè chwa sila sou baz kore fèy dewout premye minis Alix Didier Fils-Aimé bay minis Pedrica Saint Jean.
Antouka, Estrikti oganize sila ki se OFVGA, toujou selon pòt pawòl lan, aprè yon twantènn ane ekperyans kòm fonksyonè leta, se yon pòs ki merite direktè Gonzague; li ale pi lwen pou fè konpwann fòk genyen plis motivasyon bò kote responsab yo nan leta ak gouvènman yo pou entegrasyon fanm yo nan pòs desizyonèl yo nan enstitisyon piblik kou prive. Konsa, sa ap kapab kreye plis ekilib sosyal nan sosyete ayisyènn lan.






