MSPP, dekonsè ak direksyon epidemyoloji, chita pale ak plizyè direksyon nan sante a, sou kèk ka sispèk maladi difteri nan kèk rejyon nan peyi a.

05 – 11 – 2026
Pòtopwens, Ayiti ____ (TRiboLAND) Responsab yo nan ministè piblik ak popilasyon (MSPP) Nan tèt kole ak divès direksyon nan Sante a, tankou direksyon epidemyoloji labowatwa ak rechèch (DELR), direksyon pwogram vaksinasyon (DPEV) ak inite nasyonal jesyon ijans sanitè (UNGUS), yo tout fè yon chita tande pandan weekend nan, pou etidye mèyè fòmil pou pote yon repons rapid fas ak plizyè ka sispèk maladi difteri ki kòmanse tabli kò li nan kèk rejyon nan peyi a.
Selon responsab yo, rankont sa yo tradwi volonte otorite sanitè yo pou pote yon repons rapid nan zòn ki genyen ka sispèk nan kad yon tretman prevantiv ak akonpayman vaksen.
Toutfwa, responsab yo ki deklare genyen diskisyon ki pral fèt pou mete aksan sou nesesite ki genyen pou ranfòse siveyans yo epi amelyore priz anchaj pasyan yo, devlope ansanm aksyon yo davantaj, ak sansibilize kominote yo. Yon seri dispozitif kap pèmèt yo evite moun viktim anba maladi difteri a.





