Òganizasyon CEDUCC ki jwen finansman Unicef reyalize yon klinik Mobil nan komin Tigwav.

36
0
Share:
TRiboLAND

05 – 11 – 2026
Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Òganizasyon Centre pour l’Éducation Communautaire et Culturel (CEDUCC) ki jwen bourad finansman Unicef, reyalize jounen dimanch 10 Me 2026 la, yon klinik mobil na zòn Ri Benwa, 11èm seksyon Ravin Sèch, Tigwav.

Daprè responsab yo nan CEDUCC, genyen anviwon 150 pèson, granmoun ak timoun ki benefisye swen sante ka yo nesesite nan okazyon an. Lafyèv, grip, bouton gratèl, vant fèmal, dyare ak lestomak fèmal sa yo rele (gastrit la), se kèk patoloji kap brase zantray moun nan popilasyon Ri Benwa nan Tigwav.

Benefisyè yo, sou bò pa yo, eksprime satisfaksyon yo, pou yon parèy inityativ ke òganizasyon yo pran pou fasilite yo jwen swen ke ka yo nesesite.
Nap siyale, òganizasyon CEDUCC prevwa reyalize 2èm klinik mobil li, nan 2èm seksyon kominal Tigwav pou demen madi 12 me 2026 la.

Share:

Leave a reply