Jacmelitude retounen pou selebre kilti ak eritaj ekriven René Depestre

05/07/2026
Jakmèl, Ayiti ______(TRiboLAND) Klèb kiltirèl Ballet Grand Seleil lanse ofisyèlman, jodi mèkredi 6 me 2026 la, sizyèm edisyon Jacmelitude, yon gwo aktivite sosyo-kiltirèl ak edikatif ki pral rann omaj ak ekriven ayisyen René Depestre. Aktivite sa a ap dewoule soti 19 pou rive 24 me 2026 nan vil Jacmel, avèk patisipasyon anviwon 35 lekòl selon prezidan Ballet Grand Seleil la, pwofesè Edgard Agella.
Daprè òganizatè yo, Jacmelitude vize mete an valè richès literè ak kiltirèl peyi a pandan l ap ankouraje jèn yo enterese nan literati, teyat ak atizay. Pandan kat premye jou yo, soti 19 pou rive 22 me, plizyè konferans-deba pral òganize sou lavi, travay ak kontribisyon René Depestre nan literati ayisyèn ak frankofòn. Aktivite sa yo ap pèmèt elèv yo ak lòt patisipan yo reflechi sou plas kilti nan devlopman sosyete a.
Pou fini an bote, yon gran spektak kiltirèl ap fèt 24 me 2026 nan Centre de Convention de Jacmel. Òganizatè yo anonse plizyè pèfòmans atistik, dans tradisyonèl ak prezantasyon kiltirèl ki pral make fen sizyèm edisyon an. Jacmelitude kontinye konsa ap enpoze tèt li kòm youn nan pi gwo randevou kiltirèl ak edikatif nan rejyon Sidès la.






