Enfimyè yo nan laboratwa medikal lopital jeneral Nòtredam Tigwav kanpe travay.

34
0
Share:
TRiboLAND

05 – 02 – 2026

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Enfimyè yo nan laboratwa medikal lopital jeneral Nòtredam Tigwav kanpe travay nan dènye jou sila yo. Kanpe travay sila te genyen anpil pou wè avèk mwayen lojistik ou kondisyon yo ki pa reyini pou arive fè tès pou malad yo.

Pwoblèm klimatizè, ekleraj mete sousa espas la ki pa byen amenaje sa lakoz chalè okazyone yon seri tès pa arive pwoteje e pèsonèl laboratwa a pa arive travay nan yon espas desan.

Toutfwa, sitiyasyon malouk sa nan sèvis laboratwa medikal lopital jeneral Nòtredam Tigwav la, okazyone egzamen yo souvan gate paske daprè enfimyè yo, egzamen yo pa kapab ni fèt ni konsève nan andwa ki cho.

Share:

Leave a reply