ICVR, nan tèt kole ak Inivèsite INIGA, òganize yon konferans deba nan Vyalè premye seksyon kominal Tigwav.

62
0
Share:
TRiboLAND

05 – 02 – 2026

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Òganizasyon ICVR nan tèt kole ak Inivèsite INIGA, òganize yon konferans deba, nan okazyon fèt agrikilti ak travay jounen vandredi 01 me 2026 lan. Sòlòkòtò sila te reyalize nan lokal sant teknik agrikòl la, nan Vyalè premye seksyon kominal Tigwav; anba tèm agwo – ekoloji ak sekirite alimantè.

Agwonòm Wesly Michelet, ki te entèveni nan kad konferans deba sa a, deklare agrikilti se yon gwo pilye nan tout peyi ki sivilize, se pa yon senp aktivite ekonomik, se premye sous lavi, li nouri lòm, li soutyen fanmi yo epi li bati kominote yo. Agwonòm Wesly Michelet esplike, nan peyi Dayiti aktivite agrikilti, se kè devlopman dirab sekirite alimantè.

Toutfwa, agwonòm Wesly presize, pou pratike agrikilti, li mande anpil pasyans, pèseverans epi respekte peryòd natirèl yo, pandan’l fè konnen ou rekòlte sa ou simen, yon verite inivèsèl.

Share:

Leave a reply