Premye Me nan Pòdpè, Ant Selebrasyon Kiltirèl ak Dezilizyon Sosyo-Ekonomik

145
0
Share:
TRiboLAND

05/01/2026

Pòdpe, Ayiti ______(TRiboLAND) Premye me, ki make fèt travay ak agrikilti nan peyi Ayiti, kontinye rete yon moman enpòtan pou valorize efò travayè ak peyizan yo. Nan vil Pòdpè, plizyè enstitisyon toujou pwofite dat sa a pou mete kilti ak pwodiksyon lokal an avan. Se nan sans sa a Inivèsite Valparaiso òganize 16e edisyon jounen kreyòl li, yon aktivite ki te konn rasanble anpil etidyan ak patisipan nan ane pase yo. Men, ane sa a, evènman an sanble ap pèdi anplè akòz diminisyon nan kantite etidyan nan enstitisyon an, yon reyalite ki soulve kesyon sou avni aktivite sa yo.

Malgre difikilte sa yo, tradisyon an pa disparèt nèt. Nan Site Kapwa Lamò a, anpil moun kontinye deplase pou patisipe nan aktivite yo, jwi manje kreyòl ak mizik lokal ki bay lavi ak koulè jounen an. Menm jan an tou, Lise Tertullien Guilbaud kenbe fèm nan òganizasyon pwòp aktivite pa li. Vandredi premye me sa, espas lekòl la transfòme an yon ti mache kiltirèl kote machann ekspoze pwodwi lokal, pandan elèv yo ap ofri bèl pèfòmans atistik ki mete kilti ayisyen an an valè.

Sepandan, dèyè aspè kiltirèl ak selebrasyon an, gen yon reyalite ki pa fasil pou inyore. Plizyè sitwayen eksprime dezakò yo ak fason Leta neglije sektè agrikòl la ak kesyon kreyasyon travay. Nan yon kontèks kote chomaj wo epi majorite pwodwi konsomasyon yo enpòte, anpil moun santi pa gen rezon pou selebre fèt travay ak agrikilti a. Sitiyasyon sa a mande refleksyon serye sou politik piblik yo, pou redonne valè ak diyite ni travayè yo, ni sektè agrikòl la ki esansyèl pou devlopman peyi a.

Share:

Leave a reply