Vis delege awondisman Senlwidinò ak Ansafolè la, Bodler Fleuremy di li pa satisfè ak kantite kit ki distribiye nan awondisman lan.

88
0
Share:
TRiboLAND

05/01/2026

Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Vis delege awondisman Senlwidinò e Ansafolè a, Bodler Fleuremy di li pa satisfè ak mòd distribisyon FAYES ak Afè Sosyal fè nan awondisman lan; li estime 1000 ti kit paka reponn ak egzijans popilasyon sa ki trè vilnerab nan moman sa a.

Vis delege a estime ti kantite kit sa yo pwa l kreye gwo pwoblèm nan awondisman an; pou kantite moun ki viktim nan komin yo. Yon lòtbò, vis delege Fleuremy mande leta santral pou entèvni nan tout nivo, paske gen moun ki mouri ki ponko janm antere, kay ki detwi, bèt, jaden elatriye ki disparèt. Fòk gen yon èd nan wo nivo pou konble bezwen moun yo nan tout sans.

Moun yo gen tout kalite pwoblèm nan menm moman an, paske jiskoulya gen moun kap viv kay vwazinay ki pa konn ki sen pou yo rele vin pote yo sekou.
Vis delege a enimere yon ansanm materyèl ak mwayen y’ap bezwen pou satisfè ijans popilasyon an, tankou : tòl, klou, fè pou n site sa yo sèlman. Delege Bodler plede anfavè yon pon sekouris sou dlo Ti Rivyè pou fasilite aksè ant 4 seksyon ki divize ak vil la.

Pou benefisyè yo, bò kote pa yo, yo remèsi mesye Leta, men y’ap rete tann gouvènman Fils Aime a, pou pote yon èd ki pi genyen nen nan machwè e dirab nan komin nan pou retire yo nan sitiyasyon difisil y’ap viv la.

Nap raple, genyen anpil posiblite pou gouvènman iresponsab sila, anplwaye estrateji demagòg ki se lage yon ti pousyè manje nan men viktim inondasyon, fè pwomès e pwi disparèt, san moun pa tande tras yo ankò. Se yon pwatik delwayal ke yo te fè egalman nan vil Pòdpè.

Share:

Leave a reply