Nòdès: Otorite yo frape fò kont mache nwa gaz, distribisyon estratejik pou soutni enstitisyon leta

04/30/2026
Wanament, Ayiti _______(TRiboLAND) Otorite nan depatman Nòdès la kontinye montre detèminasyon yo nan batay kont dezòd k ap fèt nan distribisyon pwodwi petwolyè yo. Delege depatmantal la Dionel Germain, Direktè depatmantal Komès la Lesly Théogène ak Komisè gouvènman an Elusma Florvil, pran desizyon pou redistribye yon kantite gaz yo te sezi bay kèk enstans kle nan depatman an. Demach sa a vize garanti bon fonksyonman sèvis piblik yo nan yon kontèks kote mache nwa ap menase estabilite ekonomik ak sosyal la.
Pami enstitisyon ki benefisye mezi sa a, genyen Direksyon depatmantal sanitè Nòdès la, Komisarya Polis Wanament ak Lameri Wanament. Otorite yo eksplike distribisyon sa a fèt nan yon kad estratejik pou pèmèt sèvis esansyèl yo kontinye fonksyone nòmalman, sitou nan domèn sante ak sekirite piblik. Yo soulinye enpòtans pou resous sa yo rive jwenn estrikti ki sèvi dirèkteman popilasyon an.
Nan menm sans lan, responsab yo fè konnen y ap kontinye ranfòse siveyans sou ponp sèvis yo ak sou moun k ap achte gaz an gwo pou al estoke li ilegalman. Yo denonse pratik sa yo ki favorize mache nwa epi agrave kriz la, pandan yo raple pwodwi petwolyè yo se yon byen transvèsal ki gen gwo enpak sou tout sektè lavi nasyonal la. Otorite yo lanse yon apèl pou kolaborasyon sitwayen yo pou konbat fenomèn sa a epi retabli lòd nan distribisyon gaz la.






