Pòdpè an fèt! Fidèl ak pèleren selebre Sen Monfò nan lafwa ak devosyon

57
0
Share:
TRiboLAND

04/28/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Jodi madi 28 avril 2026 la, vil Pòdpè pran yon lòt koulè pandan fidèl ak pèlren ki soti nan divès zòn reyini pou selebre fèt patwonal Sen Monfò. Aktivite yo dewoule nan yon anbyans lafwa ak rekonesans, kote anpil moun vini pou rann omaj ak lapriyè, pandan y ap chante ak patisipe nan seremoni relijye ki make jounen an. Se yon moman rasanbleman espirityèl ki ranfòse solidarite ant kretyen yo.

Legliz Sen Monfò a, ki egziste depi lane 1944 e ki te renove an 2009, kontinye jwe yon wòl enpòtan nan lavi relijye kominote a. Anba direksyon Bénédicte Lazard, legliz la pa sèlman sèvi kòm espas lapriyè, men tou kòm sant ankadreman espirityèl ak sosyal pou fidèl yo. Renovasyon ki fèt yo pèmèt plis moun patisipe nan aktivite yo nan bon kondisyon.

Sen Monfò, ki te yon prèt devwe, te bay lavi li nan sèvis pòv yo ak nan lapriyè. Li rete jounen jodi a yon modèl imilite, lanmou ak sèvis pou anpil kretyen atravè lemond. Selebrasyon fèt li nan Pòdpè a se pa sèlman yon tradisyon, men yon okazyon pou chak fidèl reflechi sou valè li te defann yo epi eseye mete yo an pratik nan lavi chak jou yo.

Share:

Leave a reply