Manm òganizasyon politik MOLIREG, nan komin Leyogan mande gouvènman ayisyen an, pou louvri Izin sikreri Dabòn nan.

69
0
Share:
TRiboLAND

04 – 26 – 2026

Tigwav, Ayiti _______Nan yon konferans pou lapwès, manm mouvman liberasyon pou rejyon gwavyèn (MOLIIREG), Pierre Fortuné, mande gouvènman Alix Didier Fils Aimé a, pou fè tout sa ki nan pouvwa yo, pou louvri izin sikreri a, ki twouve li nan komin Leyogan, lokalite Dabòn.

Militan Pierre Fortuné moutre ke li trè kritik kont leta ayisyen li di, ki pa jam pran desizyon pou louvri izin sikreri a, ki kanpe san li pa genyen okenn problèm teknik. Li fè konnen leta ayisyen prefere kanpe izin nan pou yo kapab enpòte sik pèpè ki soti nan lòt peyi ki dapwè li chaje ak pwodwi chimik.

Selon militan an, fèmti izin sikreri a, tankou yon latriye lòt antite pwodiktif anndan peyi a, antre nan kad yon zak kriminèl bò kote tchoul kap detwi pwodiktion nasyonal la, nan benefis kolon kriminèl privatize kap antre manje anpwazonnen anndan peyi a. Yon parèy konpòtman kriminèl genyen gwo enpak negatif sou vi ekonomi ak sante komin Leyogan. Sitiyasyon sa a, lage egalman gran plantè yo nan agoni ak nan chomaj pandan yo oblije fè lòt kilti yo pat jam genyen nan panse yo.

Nap siyale, kèk kritik deklare izin sikreri Dabòn nan genyen plis pase 10 lane depi leta ayisyen kanpe li san li pa genyen oken pwoblèm teknik. Yo mande relouvèti izin nan prese – prese, yon fason pou retire popilasyon an, nan chomaj tout kalite.

Nou pa kapab bliye egalman, tout yon latriye pwojè acheve ou inacheve ke gouvènman kriminèl ki pase nan tèt leta, chwazi kite yo kanpe, kanni ou kraze, yon fason pou popilasyon ayisyèn lan kapab kontinye ap viv nan labou mal site.

Share:

Leave a reply