Jakmèl : Yon nouvo direktè pran tèt Biwo Afè Sosyal ak Travay la

56
0
Share:
TRiboLAND

04/21/2026

Jakmèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Jodi lendi 20 avril 2026, Mesye Richardson François enstale kòm nouvo direktè Biwo Afè Sosyal ak Travay (MAST) nan depatman Sidès la. Li ranplase M. Antonis Telemaque nan pòs sa a. Se vis-delege Jakmèl la, Similien Saint Luc ki te prezide seremoni enstalasyon an, an prezans direktè sortan an, divès kad, anplwaye biwo a ansanm ak envite.

Nan pawòl li, nouvo direktè a salye travay predesesè li a, pandan li rekonèt efò ki te fèt pou fè enstitisyon an mache. Li mete aksan sou nesesite pou kontinye ranfòse jesyon administratif la epi amelyore sèvis yo pou popilasyon an.

Richardson François fè konnen misyon prensipal li se fè tout politik piblik gouvènman an rive aplike nan depatman an. Li lanse yon apèl bay tout anplwaye ak patnè yo pou mete tèt ansanm, epi li pwomèt pou fè MAST vin pi efikas, pi serye, epi pi itil pou moun nan Sidès la.

Share:

Leave a reply