Fenomèn ensekirite a ap eseye repran jarèt sou wout Obòy la.

137
0
Share:
TRiboLAND

04/20/2026

Obòy, Ayiti_____(TRiboLAND) Fenomèn ensekirite a refè sifas sou wout Obòy la. Selon enfòmasyon ki rive jwen TRiboLAND, plis pase yon dizèn moun sibi gwo presyon ak zak eskanmòtè anba men nèg ak zam yè samdi 18 April 2026 la, anba Mòn 15 lan.

Aprè gwo operasyon lapolis ak popilasyon an te mennen nan mwa pase yo, bandi sangwen yo te pran konje sou wout Obòy la, patikilyèman twonson ki relye Nòdwès ak Nò peyi a. Konsa, yè Samdi 18 Avril la, yo reparèt an bosal; fouye plizyè machin epi pote ale tout sa pasajè genyen.

Yon sitiyasyon ki parèt trè konplike pou popilasyon Nòdwès la, kap mande otorite yo aji vit pou anpeche plis moun viktim.

Share:

Leave a reply