Kontantman ou efori konpwomèt sekirite Ariana Lafond nan vil Wanament

04/19/2026
Wanament, Ayiti______(TRikboLAND) Touswit aprè yon vwayaj manch long, swit ak siksè li nan konpetisyon “House of Challenge” nan peyi Togo, Ariana Lefond ta pral viv yon moman dous ou riske. Fas ak yon miltitid moun ki tap eskprime kontantman yo nan kontèks fyète nasyonal, sekirite selèb tik-tokè a te atire anpil atansyon.
Pou anpil moun kap evolye nan domèn sekirite, estime ke otorite yo nan Wanament ou fòs sekirite komin nan, te trouve yo depase fas ak efori ou kontantman popilasyon an ki te riske konpwomèt sekirite Ariana, patikilyèman nan Wanament, kote ke kòtèj li te genyen gwo difikilte aprè ke anpil delegasyon tap tante prezante li flè ak onè tout kalite. Pran Ariana ap leve li anlè nan mitan yon parèy foul ki tap eksprime san rezèv kontanman ak apresyasyon, se konpwomèt sekirite li!
Li enpòtan pou sinyale, estati selèb yon moun dwe pran an konsiderasyon e mande yon seri dispozitif adekwàt ki pa dwe konpwomèt sekirite li fas ak efori yon popilasyon amikal, antouzyastik, e patriyotik.
Otorite yo, patikilyèman nan Wanament te genyen pou devwa antisipe yon parèy “fair play deteryorasyon” ki te kapab fasilite kontwòl espasyàl, amenajman ou kontwòl foul masiv ak pwoksimite medyatik, si tout fwa ta genyen yon leve kouri.
Se vre, se yon senbòl ki enkane yon jenès ayisyèn ki plis ke motive e menm detèmine pou libere e bay peyi li yon nouvèl oryantasyon; sepandan, genyen yon seri perimèt sekiritè ki dwe fòmèlman respekte ou metrize menm devan yon foul ki trè senpatik. Ariana devni yon ikonn nasyonal ou entènasyonal, ki obligatwaman dwe benefisye yon pwoteksyon ke leta peyi a dwe li.
Anplis, antouraj li dwe develope pwòp kòdwon sekiritè pa li ki kapab egalman genyen je ouvè sou pwòp leta a, ki trè souvan parèt yon trèt ou yon fòs anti chanjman kont lajenès peyi Dayiti. Jiskaprezan lapolis fè yon bon travay, ke yo toujou rete vijilan nan chak vil kote yo ap aklame Ariana.
Antouka, plis genyen yon sinèji ki devlope ant otorite minisipal ak divès inite sekiritè atravè direksyon depatmantal polis, genyen anpil chans pou minimize risk ak kontrent sa kapab poze pou yon profil selèb tankou Ariana ki genyen yon misyon mesyanik pou peyi Dayiti.






