Aprè dram Sitadèl Laferyè a, CEFOSEPH pwopoze yon PMA ak “Sekou Touris” nan tout sit touristik peyi a

04/15/2026
Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Aprè dram ki rive nan Sit Touristik Sitadèl Laferyè a, kote plizyè dizèn jèn te viktim pandan yon pwogram, plizyè vwa ap leve pou mande Leta pran mezi ijan pou pi byen sekirize patrimwàn touristik peyi a. Nan sans sa a, Doktè Rock ak CEFOSEPH fè yon pwopozisyon piblik bay Ministè Touris, ISPAN, MSPP ak CAN 116, pou mete yon Pòs Medikal Avanse (PMA) nan tout gwo sit touristik yo atravè peyi a. Objektif la se asire premye swen rapid an ka ijans, anvan transpò viktim yo rive lopital.
Pwopozisyon an ale pi lwen toujou ak lide pou rekrite jèn diplome sekouris yo nan yon nouvo estrikti yo ta rele “Sekou Touris”. Antite sa a ta gen misyon pou bay asistans medikal prese, òganize plan evakyasyon, epi akonpaye vizitè yo pandan gwo foul moun nan sit touristik yo. Daprè inisyatè yo, sa ta yon mwayen pou non sèlman pwoteje lavi moun, men tou kreye opòtinite travay pou anpil jèn ki deja resevwa fòmasyon nan domèn sekou ak ijans.
Dram sa a deja soulve yon gwo refleksyon sou nesesite pou Leta ranfòse jesyon ak sekirite nan espas touristik yo, espesyalman sa yo ki gen gwo valè istorik ak ekonomik pou peyi a. Anpil obsèvatè kwè mezi tankou PMA ak “Sekou Touris” kapab ede evite lòt trajedi, pandan y ap bay plis konfyans ak ni touris lokal ni etranje. Sit touristik yo se yon sous revni enpòtan pou ekonomi peyi a, kidonk pwoteksyon yo dwe vin yon priyorite nasyonal.






