Yon gwoup patizan ansyen senatè Sorel Jacinthe akeyi l nan ayedwòm Jeremi an.

04 – 12 – 2026
Jeremi, Ayiti ( TRiboLAND) Yo te plizyè santènn patizan ou senpatizan, e pwòch ansyen senatè Grandans lan, Sorel Jacinthe, te rann yo nan ayedwòm Jeremi an pou akeyi ansyen senatè a, aprè li soti pwan swen medikal nan peyi etranje.
Nan diskou sikonstans lan, Sorel Jacinthe, pat mete dlo nan bouch li pou denonse responsab sante piblik yo nan Jeremi, li di ki pa fè anyen pou amilyore sistèm sanitè a nan vil la; pou li menm se sa ki kòz li te oblije pran elikoptè e bay gwo twanch lajan vèt pou al pwan swen nan peyi etranje.
Sorel mande popilasyon an pou klere je yo, nan fòse fòm dirijan sa yo amelyore kondisyon sanitè sitwayen yo, kap peye leta task anretou ki pa jwenn sèvis.






