Nouvèl komisyon kominal Tigwav la, pran yon arete pou chome lendi 06 Avril 2026 kap vini la a.

04- 05 – 2026
Tigwav, Ayiti ___ (TRibo LANDD) Nouvèl komisyon kominal enterimè Tigwav la, pran yon arete pou deklare konje pou demen lendi 06 Avril 2026 kap vini la a. Lameri pran arete sila a, pou chome lendi, se akoz selebrasyon festivité 2èm edisyon konkou defile rara yo pou sezon 2026 lan, kote pral genyen anviwon 17 gwo ban’n rara kap soti nan 12 seksyon kominal yo kap patisipe san konte sant vil la.
Nan arete sa a, yo anonse etablisman eskolè yo, biwo piblik yo, tankou prive yo, komès, ak endistri yo pap fonksyone sou tout tèritwa komin Tigwav jounen lendi 06 Avril kap apwoche a.
Se Nouvèl komisyon kominal Tigwav la ki genyen ladan’ l Fedner Admirable prezidan, Johanne Siclet manm, Ordonel Louis manm ki pase paraf yo anba yon parèy kominike.






