Aprè asasinay ansyen depite Gefrard Étienne, plizyè kay boule ak jaden devaste nan Batis.

196
0
Share:
TRiboLAND

04 – 05 – 2026

Abriko, Ayiti_______(TRiboLAND) Aprè zak asasinay ki te fèt sou ansyen depite Abwiko a, Geffrad Étinne nan danse rara, patizan, ak senpatizan, pwòch ansyen palmantè sikonskripsyon Abriko-Bonbon yo reaji ,kote genyen plizyè blese ak kout manchèt, kay kraze, jaden devaste, wout koupe, ak gage kraze an siy pwotestasyon. Zak yo fèt pou revandike jistis swit ak asasinay yè Vandredi 4 Avril 2026 la, kote ke bandi kriminèl san fwa ni lwa arive touye ak kout ponya deyè kou, Geffrad Étienne ki tap patisipe nan yo gwo sòlòkòtò rara nan lokalite Batis, dezyèm seksyon kominal Abriko.

Nan kad krim sou ansyen depite sikonskripsyon Abriko-Bonbon an, Gefrard Étienne ki te eli anba banyè pati politik (Ransanbleman Demokrat Pogresis Nasyonal) RDNP- pou Abriko-Bonbon, te fè pati 45 èm lejislati Ayisyènn nan, ane 1990-1994.

.Selon direktè depatmantal polis Grandans lan, Frantz Saint Armand, nan kad krim sila, lapolis deja genyen sou kontwòl yo, yon prezime asasen ki se Kensy Theluma, 35 lane e ki se kiltivatè. Selon direktè polis Grandans, genyen yon prezans polisyè ki mentni nan komin Abriko, e genyen garanti bokote komite notab yo pou mete fen ak tout vyolans kap sekwe rejyon an; annatandan lapolis ak lajistis ap kontinye chèche koupab yo e trennen yo bay lajistis pou swit jidisyè.

Share:

Leave a reply