Dram nan Mòn Blòkòs : Kontab Mèri Pòdpè a pann tèt li lakay li

456
0
Share:
TRiboLAND

04/03/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon jounen Vandredi Sen tris fwape kominote Mòn Blòkòs la aprè nouvèl lanmò Jeanrestil Otandieu, anpil moun konnen sou non Ti Frè, ki ta pann tèt li lakay li nan vil Podpè.

Dapre premye enfòmasyon TRiboLAND.com arive boske, yon frè defen an ta konfime dram sila ki mete gwo sentimare nan diferan manm fanmiy ak zanmi. Sepandan, otorite yo poko bay okenn detay ofisyèl sou sikonstans ki antoure dram sa a.

Jeanrestil Otandieu te sèvi kòm kontab nan Mèri Pòdpè depi plis pase kenz (15) lane, kote li te konsidere kòm youn nan ajan ki gen plis eksperyans nan administrasyon an. Lanmò li rive kèk jou sèlman aprè enstalasyon nouvo konsèy ki pran tèt Mèri a, sa ki ogmante kesyon ak emosyon nan mitan popilasyon an.

Pandanstan sa, divès enfòmasyon ap sikile nan zòn nan sou kesyon kèk dosye administratif sispèk ki ta enplike ansyen majistra Josué Alusma. Sepandan, jouskaprezan, pa gen okenn deklarasyon ofisyèl ki konfime rime sa yo. Yon lòt sous, ta konfime ke kontab la te sanble anba gwo enfliyans kleren nan moman nouvo katèl Meri Pòdpe a tap rankontre avè’l yè jedi 2 Avril 2026 lan.

Men, li enpòtan pou moun note, Ti Frè arive poze yon parèy aksyon nan moman semen sent lan, yon zak ki konhenside ak moman komemorasyon fèt Pak la, kote Juda te finalman mete fen nan lavi li ak yon gwo kòd pit, si nou ta vle baze sou evenman biblik yo.

Popilasyon an ap tann otorite konpetan yo pou fè limyè sou dosye a epi bay plis detay sou sa ki vrèman pase; e sit e genyen odit ki fèt 10 lane jesyon administrasyon ansyen majistra vil la ki kite yon gou fyèl bèl nan bouch popilasyon Pòdpe a.

Share:

Leave a reply