MPCE ak UNITECH ap fè bwas pou rebati teritwa Dayiti atravè yon metriz estratejik

01/04/2026
Pòtoprens, Ayiti ______(TRiboLAND) Nan yon etap ki make yon gwo avansman pou devlopman peyi a, Ministè Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn (MPCE), ansanm ak Inivèsite Teknoloji Ayiti (UNITECH), Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal (MICT) ak Federasyon Nasyonal Majistra Ayiti (FENAMH), lanse ofisyèlman pwogram metriz nan amenajman teritwa a, nan Pòtoprens. Inisyativ sa a vize fòme 32 kad nan fonksyon piblik la pou yo kapab pi byen planifye espas peyi a, òganize devlopman vil yo, epi asire envestisman yo rive kote yo dwe rive.
Nan entèvansyon li, Minis Planifikasyon an, Madam Sandra Paulemon, fè konnen pwogram sa a se yon zak estratejik Leta a pou prepare avni peyi a sou bon baz. Daprè li, okenn peyi pa ka transfòme san li pa envesti nan fòmasyon moun li yo. Li souliye tou ke metriz sa a pa yon aksyon izole, men yon inisyativ solid pou ede modènize administrasyon piblik la, ranfòse enstitisyon Leta yo, epi pèmèt yon pi bon jesyon teritwa nasyonal la. Li ankouraje benefisyè yo montre disiplin, rigè ak angajman pou mete konesans yo nan sèvis popilasyon an.
Bò kote pa li, Rektè UNITECH la, Dr Josselin Val, salye lansman pwogram nan kòm yon repons dirèk ak youn nan pi gwo defi Ayiti ap fè fas depi lontan, zafè kesyon amenajman teritwa a. Lòt responsab tankou Minis Kondisyon Fanm yo, Madam Pedrica Saint-Jean, ansanm ak reprezantan pwofesè entènasyonal yo ak etidyan yo, mete aksan sou nesesite pou devlopman an fèt nan yon apwòch enklizif, kote bezwen fanm ak tout lòt gwoup sosyal yo pran an konsiderasyon. Pwogram sa a parèt tankou yon gwo espwa pou diminye inegalite estriktirèl yo epi mete peyi a sou chimen pwogrè dirab.






