Nouvo Souf pou ONI nan Pwentarakèt : De nouvo anplwaye enstale pou relanse sèvis yo

129
0
Share:
TRiboLAND

03/30/2026

Pwentarakèt, Ayiti ______(TRiboLAND) Jodi lendi 30 mas 2026 la, komin Pwentarakèt franchi yon etap enpòtan nan ranfòsman sèvis piblik yo ak enstalasyon de (2) nouvo anplwaye nan biwo Office National d’Identification (ONI) a. Se Salony Leger ak Livenson Clersaint ki pran fonksyon yo ofisyèlman, nan objektif pou remete biwo a sou pye apre plizyè lane kote li pa t ap fonksyone jan sa dwe fèt. Enstalasyon sa a pote yon nouvo espwa pou popilasyon an ki te bezwen sèvis idantifikasyon yo depi lontan.

Nouvo ajan yo gen misyon pou amelyore fonksyònman biwo a, mete plis lòd ak efikasite nan sèvis yo, epi fasilite aksè sitwayen yo ak dokiman enpòtan tankou kat idantite nasyonal la. Pandan anpil tan, abitan Pwentarakèt yo te konn oblije fè gwo demach ak rankontre anpil difikilte pou jwenn sèvis ONI yo, sa ki te lakòz anpil plent nan mitan popilasyon an.

Enstalasyon sa a make yon vrè nouvo kòmansman pou biwo ONI a nan Pwentarakèt. Sitwayen yo espere prezans Salony Leger ak Livenson Clersaint ap pèmèt sèvis yo vin pi rapid, pi serye ak pi aksesib men tou yo swete aotorite yo akonpanye yo ak materyèl nesesè. Se yon pa enpòtan nan direksyon modènizasyon administrasyon piblik la ak pi bon sèvis pou kominote a.

Share:

Leave a reply