Jounen Mondyal Doktè yo selebre ak anpil rekonesans nan Jakmèl

03/30/2026
Jakmèl, Ayiti ______(TRiboLAND) Jodi lendi 30 mas 2026 lan, nan okazyon Jounen Mondyal Doktè yo, yon mès aksyon de gras chante nan Legliz Saint-Michel la, sou inisyativ administrasyon Lopital Sen Michèl la, nan kole ak direksyon depatmantal sante a. Aktivite sa a te reyini doktè, etidyan, otorite ak plizyè notab nan kominote a, nan yon moman espesyal pou rann omaj ak tout pwofesyonèl sante k ap sèvi popilasyon an ak devouman.
Nan omeli li, reveran pè Jean Charles Pierre mete aksan sou enpòtans doktè yo nan sosyete a, pandan li fè konnen : “Apre Bondye, se nou ki kapab sove yon moun.” Pawòl sa yo te touche anpil moun ki te prezan, paske yo montre gwo responsabilite ak misyon sakre doktè yo genyen nan pwoteje lavi ak bay espwa. Direktè egzekitif lopital la, Dr Wendy Louis Charles, te salye inisyativ sa a kòm yon premye eksperyans pou kominote a, pandan li te remèsye tout pèsonèl la epi lanse yon apèl pou soutni enstitisyon an.
Bò kote pa li, Dr Elie Africot, responsab fakilte medsin “Université Épiscopale d’Haïti” Jakmèl la, te raple ke nan reyalite ayisyèn nan, se pa yon travay fasil pou yon doktè, men pito yon zak lafwa ak sakrifis. Jounen sa a te sèvi kòm yon moman refleksyon ak rekonesans anvè tout doktè ayisyen yo ki, malgre kondisyon difisil yo, kontinye sèvi peyi a ak kouraj, diyite ak lanmou pou pwochen yo.






