Pwodiksyon banann nan Grandans, yon kilti kap bouje.

105
0
Share:
TRiboLAND

03- 30 – 2026

Grandans, Ayiti______(TRiboLAND) Pwodiksyon agrikòl bannann, yon pwodwi ki genyen yon enpotans kapital sou mache lokal lan ou atravè diferan gran vil yo nan depatman Grandans lan. Konsa, sa pouse majorite jèn gason ak jèn fanm fè jaden bannann, yon fason pou fè lajan pou pwan swen tèt yo ak fanmiy yo.

Frenel Pierre Louis, se yon jènn agrikiltè nan Jeremi, kap kiltive latè pami plizyè lòt. Li esplike kòman pwodiksyon nasyonal la nan Grandans ap ede nan rezoud pwoblèm ensekirite alimantè a, ak pèmèt moun fè lajan mete nan pòch yo.

Jèn agrikiltè Frenel Pierre Louis ale pi lwen pou fè konpwann, bannann plantè agrikiltè Grandans yo, se yon pwodwi òganik, ki pa genyen okenn sibtans chimik ki kapab nwi sante moun.

Share:

Leave a reply