Yon nouvèl sant fòmasyon pwofesyonèl lanse nan vil Tigwav.

128
0
Share:
TRiboLAND

03 – 26 – 2026

Tigwav, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon ekip ki genyen madam Marie Denise Tataille kòm direktris, mesye Robenson Satiné direktè pedagojik, madam Yolné, direktris admistrativ, ak madam Christnette Saint Georges kòm konseyè, lanse ofisyèlman lendi 23 mas 2026 lan, Centre Moderne de Formation professionnelle de Petit Goâve (CMFPP) nan lokal otèl Rujo avni La Hatte nan vil Tigwav.

An prezans divès pèsonalite pami yo: pwofesè Yvener Derosiers, mèt Emmanuel Sanon, administratè Inivèsite Inisma Claude Seralien elatriye, ekip la, esplike rezon ki lakoz yo enplante sant pwofesyonèl sila, nan Tigwav. Yo fè konnen ke se yon inisyativ ki akse pou fòme jèn yo epi develop plis kad nan yon seri domèn tankou: otelri, patisri, koup kouti, touris ak dekorasyon. Responsab yo ki presize yo deja pran tout disposizyon pou bay jèn yo, yon fòmasyon adekwat, yon edikasyon adapte ak sosyoloji ayisyèn nan, men tou pou kelkeswa kote yo rive nan mond lan, pou yo kapab delivre machandiz la.

Yon lòt kote, konseye CMFPP la, madam Christnette Saint Georges bay garanti, lè jèn yo fin diplome, yo pap lage yo pou kont yo, li fè konnen, y’ap ankadre yo yon fason pou yo pa ale chita tankou yon chomaj degize. Konsa, y’ap kapab ede yo sòti tèt yo kòm yon antreprenè avèti.

Pou fini, madam Christnette remèsye tout moun li di ki konpran’n nesesite pou fasilite jèn yo apran’n yon metye yon fason pou pa nan kenbe zam pandan l mande laprès pou ede yo fè pwomosyon pou Centre Moderne de Formaton professionnelle de Petit Goâve (CMPFP) pou l kapab vanse pou pi douvan.

Share:

Leave a reply