Gwo ranfòsman pou dlo potab nan Gran Nò : Men èske tout depatman yo ap benefisye vre?

122
0
Share:
TRiboLAND

03/25/2026

Kap Ayisyen, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan kad pwojè EPARRDD la, DINEPA, avèk sipò Bank Mondyal, remèt OREPA Nò yon seri materyèl enpòtan pou amelyore sèvis dlo potab nan zòn riral yo. Don sa a gen ladan 9 machin, 23 motosiklèt ak 5 trikòsikl, yon jès ki vize ranfòse kapasite entèvansyon enstitisyon an nan rejyon Gran Nò a.

Daprè responsab yo, ekipman sa yo pral fasilite deplasman ajan teknik yo nan komin ki difisil pou rive, sa ki ap pèmèt yo reponn pi rapidman ak bezwen popilasyon an an tèm de dlo potab. Inisyativ sa a antre nan objektif pou amelyore kondisyon lavi moun nan zòn riral yo, kote aksè ak dlo pwòp toujou rete yon gwo defi.

Men, yon kesyon enpòtan leve nan mitan popilasyon an : èske distribisyon mwayen sa yo ap fèt nan tout depatman ki fòme Gran Nò a, tankou Nòdès, Latibonit ak Nòdwès? Anpil sitwayen espere pwojè a pap limite sèlman nan Nò a, men li va rive touche tout zòn ki vrèman bezwen yo, pou asire yon devlopman ki pi ekitab nan tout rejyon an.

Share:

Leave a reply