TRIBO EXPRESS ACTUALITÉS NATIONALES – 17 MARS 2026

Direktè lopital Sentantwann Jeremi an, doktè Dady Montinord pote yon demanti fòmèl kont a rimè ki ta vle fè kwè ponyèt yon ti bebe kase nan men yon enfimyè.
Konsènan fo enfòmasyon kap sikile sou rezo sosyal yo, ki fè eta genyen yon ti bebe ki soti tonbe nan men yon enfimyè e ponyèt li ta kase; pou direktê lopital la, doktè Dady Montinord, se pa yon verite, depreferans genyen yon fanm ki te nan difilkilte pou’l akouche. Medsen yo te oblije itilize yon aparèy medikal ki pote non vantouz pou te fasilite bebe a sot nan vant manman’l.
Selon doktè Montinord, pwosedi sila kreye yon defòmasyon nan ponyèt ti bebe a, sou rekòmandasyon direktè lopital lan, tout priz an chaj medikal fèt nan ka sa a gratis; is pou kenbe bebe a sou swen medikal apwopriye, defason pou gade bebe an sante.
Finalman, direktè Dady Montinord raple tout moun ki ap itilize rezo sosyal yo pou pa fwajilize sistèm sante a, nan nivo lopital Sentantwann Jeremi an, sitou ak prezans nouvo direktè a, Dady Montinord ki pote anpil inovasyon nan kesyon lasante nan komin Jeremi.
Lise Tertulien Guilbaud an danje, yon patrimwàn edikatif Nòdwès la sou wout pou kraze si pa gen yon bagay ki fèt
Nan depatman Nòdwès la, sitiyasyon Lise Tertulien Guilbaud ap soulve gwo enkyetid nan mitan ansyen elèv, pwofesè ak manm kominote a. Enstitisyon sa a, ki se premye lise piblik nan rejyon an depi 1932, parèt jodi a ap fè fas ak gwo difikilte finansye ak administratif ki menase fonksyònman li. Daprè enfòmasyon ki disponib, lè nouvo direktè a, Dieuseul Eliaza, te pran fonksyon li nan mwa janvye 2026, li te jwenn sèlman 1 500 goud nan kès etablisman an, pandan plizyè dèt t ap peze sou administrasyon an daprè rapò li te jwenn nan men youn nan responsab yo.
Sitiyasyon sa a vin mete direksyon an nan yon pozisyon difisil depi nan kòmansman manda li. Menm gwo tradisyon ki make lavi elèv yo, tankou fèt Lise a ki toujou selebre chak 23 fevriye, pa t kapab fèt ane sa a. Evènman sa a, ki te toujou yon moman fyète ak rasanbleman pou jenerasyon elèv ak ansyen elèv, pase fwa sa a tankou yon lèt a la pòs, sa ki kite anpil moun nan yon gwo nostalji.
Pou anpil obsèvatè ak ansyen elèv, sitiyasyon Lise Tertulien Guilbaud a se rezilta plizyè ane move jesyon ak pratik ki sanble ak zak koripsyon. Gen moun ki menm konpare enstitisyon an ak yon bèf yo ap souse, kote kèk dirijan te benefisye resous yo san yo pa pran swen avni lekòl la. Selon kèk sous, gen enstitisyon ki la pou konbat koripsyon ki ta deja sou wout pou mennen yon odit sou fason administrasyon an te jere resous yo nan dènye ane yo.
Malgre tout difikilte sa yo, anpil moun kontinye pote espwa pou avni lise istorik sa a. Lise Tertulien Guilbaud rete yon senbòl fòmasyon ak entèlijans pou Nòdwès la, kote plizyè jenerasyon pwofesyonèl, lidè ak entelektyèl soti. Jodi a, kominote edikatif la ap lanse yon apèl bay otorite yo, ansyen elèv ak tout moun ki kwè nan edikasyon pou mete men ansanm pou sove enstitisyon sa a, pou li pa vin yon lòt paj tris nan listwa edikasyon peyi a.
Rappel des Ambassadeurs d’Haïti pour Consultation face à la Crise de Corruption dans la Diplomatie
Face à la gravité de la situation diplomatique et à la dégradation de l’image d’Haïti à l’échelle internationale, plusieurs ambassadeurs haïtiens, représentant le pays dans des capitales clés telles que Washington, Paris, Ottawa, ainsi que le représentant permanent à l’ONU, ont été rappelés au pays pour des consultations. Parmi eux, Lionel Delatour, ambassadeur à Washington ; Louino Volcy, en France ; Anthony Dessources, à Ottawa ; et Pierre Erick Pierre, à l’ONU. D’autres chefs de mission recevront leurs convocations dans le courant de la semaine.
Ce processus de rappel s’inscrit dans un contexte où plusieurs institutions diplomatiques haïtiennes sont secouées par des scandales de corruption, qui ont profondément entaché la crédibilité et la réputation du pays sur la scène internationale. Ces révélations ont provoqué une crise de confiance, tant auprès des partenaires étrangers que des citoyens haïtiens eux-mêmes. Face à ces dérives, il devient impératif pour le gouvernement haïtien de procéder à un nettoyage systématique et rigoureux de ses représentations diplomatiques, afin de restaurer la crédibilité du pays, de renforcer ses relations internationales et de montrer une volonté de réforme et de transparence.
Nouvo direktè APN Tigwav la pran yon seri nouvèl mezi pou anpeche gwo Kamyon trelè yo estasyone devan kay pèzib sitwayen yo ak biwo piblik yo nan vil la.
Nouvo direktè APN Tigwav la, Wilken Dicette, nan yon konferans pou laprès li bay lendi 16 mas 2026 lan, pran yon seri nouvèl mezi pou anpeche chofè kamyon trelè yo estasyone devan kay pèzib sitwayen yo ak biwo piblik yo nan vil la.
Selon direktè APN nan, seri desizyon sa yo pran, se pa rapò ak ansanm plent lap resevwa nan biwo li chak jou bondye mete kont chofe kamyon kap fè dezòd nan vil Tigwav. Li fè konnen, nan lide pou sitwayen yo viv nan lapè, li adopte seri mezi sa yo:
01) Oken’n chofè kamyon trelè pa genyen dwa estasyone devan pòt kay sitwayèn ak sitwayen yo, ni devan pòt biwo enstitisyon piblik yo.
02) Oken’n chofè kamyon pa genyen dwa pran lari avan rantre lekòl yo nan maten soti 7 rive 8 tè 30, ni yo pa genyen dwa pran lari avan 3 zè nan aprèmidi.
03) Se 15 Kamyon ki dwe soti nan parking nan pou al moute bato, yo dwe pase yon sèl kote ki se sou granri Tigwav.
Touffwa, Direktè APN Tigwav la, wilken Dicette lanse apèl bay chofè kamyon yo pou respekte epi mete an aplikasyon ansanm mezi yo adopte yo; pandan l fè konnen, yon chofè ki pa respekte mezi sa yo, lap tombe anba sanksyon enstitisyon APN.
Asosyasyon Kiltirèl SOKIJA anonse yon seri aktivite yap òganize nan okazyon Jounen Mondyal Teyat la
Pòdepè Pou selebre jounen mondyal teyat ane sa a , Asosyasyon Kiltirèl(SOKIJA) ap ofri piblik Site Kapwa Lamò yon seri aktivite kiltirèl ki trè rich, soti 27 pou rive 29 mas 2026 la.
Selon Samuel Neslet, 27 mas vè 6h PM, ap gen pwojeksyon ak kozri otou 2 Solda Twal; 28 mas 3h pou rive 8h PM, ap genen yon atelye penti ak moun kap resite poyezi; e 29 mas 6h PM, se pèfòmans SOKIJA/TOP AKABI Nou se Aktè.
Anpil sipriz rezève nan okazyon Jounen Mondyal Teyat la. Pa rate oken moman nan aktivite sa yo paske tout seyans yo chaje ak leson moral epi aktivite yo gratis ticheri.
Kilti nou se nanm ak idantite nou, fòk nou ramasel!
Déploiement de la Force de Répression des Gangs en Haïti : un effort international pour restaurer la sécurité
Le 1er avril marque une étape cruciale dans la lutte contre la criminalité en Haïti avec le déploiement imminent de la Force de Répression des Gangs (FRG). Ce premier contingent, composé d’effectifs tchadiens, est en ce moment en phase d’entraînement aux États-Unis, où ils renforcent leur préparation militaire afin d’être opérationnels dès leur arrivée sur le terrain.
La mise en place de cette force constitue une réponse coordonnée à la recrudescence de la violence liée aux gangs dans le pays. Selon le ministre dominicain des Affaires étrangères, Roberto Álvarez, le déploiement complet de la FRG, prévu pour atteindre 5 500 hommes, doit s’achever d’ici octobre 2026. Ce calendrier témoigne de l’engagement à long terme des partenaires internationaux pour stabiliser la situation en Haïti.
Par ailleurs, les forces de sécurité haïtiennes ont déjà effectué des opérations remarquables, notamment dans la capitale, en éliminant plusieurs figures importantes des gangs et en renforçant la sécurité locale. Ces actions, combinées avec le déploiement de la FRG, visent à restaurer l’ordre, à renforcer la confiance des citoyens dans la sécurité et à instaurer durablement un climat de stabilité dans le pays. La mobilisation internationale et les efforts conjoints des forces haïtiennes et étrangères illustrent une volonté ferme de répondre efficacement à la crise sécuritaire qui secoue Haïti.
Marie Kethlène Charite B.Elize yon potansyèl kandida pou komin Jeremi.
Eleksyon se yon mwayen demokratik ke Konstitisyon peyi a trase pou chwazi ak voye fanm ak gason repwezante sitwayen yo nan pòs desizyonèl leta a. Nan Jeremi selon temwayaj yon bon pati nan popilasyon an, mis Kethlène Charite B. Elize kap ranpòte eleksyon an kòm depite pou sikonskripsyon Jeremi, si eleksyon yo ta rive fèt ou san mètdam pou ane 2026 la.
Mis Charite se yon jesyonè pwojè, yon pwofesyonèl sante, e egalman yon antreprenè ki genyen kòd lonbwit li mare ak peyizan yo; sitou atravè òganizasyon Jeremi – REVEYE O.JR- ki deja realize divès pwojè devlopman akaraktè sosyal, kiltirèl (kòm ekzanp: reabilitasyon plizyè kilomèt wout soti vil Jeremi pou bout nan 8tyèm seksyon kominal Kafou Sanon.
Pou elektè avize sila yo, yo manisfeste volonte yo pou al vote moun valab ki pa demagog; men pito konpetans pou reprezante yo nan pouvwa ekzekitif, lejislatif, ak kolektivite teritoryal yo, men kesyon sekirite ak kredibilite posis elektoral yo, fòk genyen konfyans ki enspire.






