Yon moun mouri nan dlo Rivyèba nan komin Senlwidinò, maten 08 mas 2026 la.

181
0
Share:
TRiboLAND

03/08/2026

Senlwidinò, Ayiti______(TRiboLAND) Byen bonè maten 08 mas 2026 la, popilasyon an te leve jwenn Junior ensikoni ki se moun Leyogann e ki te vin chèche lavi nan komin Senlwidinò, mouri nan dlo Rivyèdèba.

Aprè konsta legal yo, otorite yo nan komin nan te remèt kò a pou antere nan simetyè Bèje a, 5èm seksyon nan komin Senlwidinò.

Selon vis delege Bodler Fleuremy ak timachann yo, se ta yon kriz ki jete mesye Junior nan Rivyè a. Nan yon antant ant otorite yo ak ti machann yo, yo achte yon sèkèy ak lòt bagay , yon fason pou te achemine Junior nan dènye demè li nan simityè Bèje a.

Share:

Leave a reply