Pòdpè:Yon lòt jounen pwotestasyon okazyone lamò yon sitwayen, 4 moun blese e plizyè machenn bwile

157
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè__(TRiboLAND)  Mariaj grèv ak manif ki sou dezyèm jou li atravè peyi a te sekwe yon lòt fwa ankò site Kapwa Lamò a jodi 17 Septanm lan nan Nòdwès.

Tankou yo te deja anonse-l ayè, plizyè santènn sitwayen te pakouri vil Pòdpè nan kad pwotestasyon rate rakèt gaz la ak depa chèf deta a Jovenel Moise. Bwanch bwa nan men, gwo chante piman bouk san konte aktivite pase pwan divès chèf katye atravè vil la te rann manifestan yo ateri nan Latandri sou chan avyasyon.

Se la ta pwal vinn genyen yon van panik ki fèt apati yon konfwontasyon kout zam ant kèk sitwayen ki tap fè ladrès pou pwoteje machenn yo ant manifestan yo ki te ankòlè. Konsekans lèse fwape sa yo ta lakòz yon jènn gason ki pote non Makernès ta mouri, 4 lòt moun blese gravman grav ak plizyè machenn ta bwile.

Dapwè youn nan òganizatè manifestasyon sa yo kap mande sezaryènn pou pouvwa anplas la, pa sispann lonje dwat sou patizan rejim kriminèl la ki komèt zak tèrè sa kont yon gwoup moun ki tou senpleman kap reklame pèzibleman ke yo se moun tou. Yo si te non yon sèten Erneso Bauge, Chedner ak Guerly ke pouvwa ta peye pou tire sou manifestan yo. Deblozaj sou chan an, te okazyone pwezans Lapolis ki te tou swit sekirize espas ensidan yo pandan ke yo te pwosede ak arestasyon yon dizènn moun ki ta sanble konplis nan agrese manifestan yo nan Latandri. Konsa, nan deklarasyon yo bay TRiboLAND, òganizatè yo sèmante yo pap bese paviyon nan frekans manifestasyon tout otan Prezidan enkilpe-a pa kraze yon kite sa.

Nap raple, se pa pwemye fwa, yo akize patizan pouvwa a kòm malfwa ki gen zèb nan bouch yo ki toujou vle etènn souf tout manifestasyon kap denonse rejim sanginè-a. Yon ka ki pi resan, se katchouboumbe ki te deklentche ayè nan Mònn Opè kote ke yon gwoup malfwa tap amize yo voye wòch sou manifestan.

Antouka, pandan bout jounen 17 Septanm 2019 la, pèp site Kapwa Lamò-a te sou bennzeng li e pwouve yon lòt fwa ankò detèminasyon pou kontinye rele chal barik dèyè gouvènman initil Jovenel la, pa pou demen sèlman.

Jacob Bendallahm, TRiboLAND

Share:

Leave a reply