PARYAJ PAM pote souri bay fanm yo nan Jakmèl nan okazyon 8 Mas la.

206
0
Share:
TRiboLAND

03/08/2026

Jakmèl, Ayiti ______(TRiboLAND) Nan okazyon selebrasyon Jounen Entènasyonal Dwa Fanm yo, jodi dimanch 8 mas 2026 la, antrepriz PARYAJ PAM reyalize yon jès solidarite enpòtan nan vil Jakmèl. Responsab yo distribye plizyè kit ijyènik bay fanm ki t ap resevwa swen nan Lopital Sen Michel la, yon aksyon ki pote sipò ak dinyite pou anpil fanm ki nan bezwen.

Daprè responsab antrepriz la, inisyativ sa a se yon fason pou montre angajman sosyal yo anvè fanm yo, sitou nan kesyon sante ak byennèt. Yo fè konnen swen ijyènik se yon eleman esansyèl pou sante fanm, sitou pou sila yo ki souvan ap viv nan kondisyon difisil. Distribisyon kit sa yo vin ede soulaje kèk nan bezwen pwimè fanm ki frekante lopital la.

Fanm ki te benefisye yo pat kache satisfaksyon yo devan jès sila. Yo salye demach PARYAJ PAM ki, daprè yo, montre gen enstitisyon ki toujou panse ak fanm yo nan moman enpòtan tankou Jounen Entènasyonal Dwa Fanm yo. Aktivite sa a vin raple enpòtans solidarite ak sipò nan batay pou amelyore kondisyon lavi fanm yo nan sosyete ayisyèn nan.

Share:

Leave a reply