Sitwayen Emile Juvens denonse otorite yo nan meri Tigwav

176
0
Share:
TRiboLAND

02 – 25 – 2026

Tigwav, Ayiti ______(TRIBOLAND) Nan yon interview li akòde ak laprès jounen madi 24 fevriye 2026 la, sitwayen Emile Juvens, tout moun konnen sou non, Jacky, pa manke mo pou denonse otorite yo nan meri Tigwav la. Li lonje dwàt jouda sou yon seri antite anndan bwàt minisipal la ki pa genyen kapasite pou desèvi popilasyon an.

Emile Juvens ki plenyen anpil akoz li di, li genyen plizyè jou depi lap mache moute desan’n nan meri a, nan lide pou l kapab jwen yon prèv adrès ak kèk lòt sèvis ankò nan enstitisyon an; alòske pòt meri a rete fèmen. Li deklare ke li pa jwen pèson responsab pou satisfè bezwen li yo pandan’l esplike li oblije al pran sèvis la nan tribinal depè menmsi li rekonèt tribinal la pa genyen aksè pou delivre prèv adrès. Emile rete kwè ke otorite yo dwe rete nan biwo yo, yon fason pou siyen papye ak bay popilasyon an sèvis.

Nan sans sa a, sitwayen Emile Juvens mande popilasyon an pou fèmen meri a, bay yon lòt gwoup moun kle a ki konpran’n sa yo rele dirije si tout fwa responsab yo pa kapab delivre machandiz la anvè sitwayèn ak sitwayen yo nan komin Tigwav.

Share:

Leave a reply