Direktè jeneral DINEPA ak diferan patnè finansye vizite travay sistèm adiksyon dlo potab vil Jeremi an.

02 – 24- 2026
Jeremi, Ayiti_______(TRiboLAND) Direktè jeneral direksyon nasyonal dlo potab ak asenisman an, enjenyè Théophil Ostinvil ki te akonpaye madam Ana yon manm reprezantan koperasyon Espanyol e kòdonatè Gran Sid la, enjenyè Philippes Elisca e latriye, fè yon vizit dèlye pou evalye travay reyabilitasyon ak entansyon pwojè adiksyon dlo potab vil Jeremi ke te jwen finansman peyi Espay, swa desan milyon goud pou rezoud pwoblèm potab pou abitan yo nan vil la.
Pwojè sa a ki demare depi plizyè ane, selon direktè jeneral DINEPA a, enjenyè Théophil Ostinvil, dwe fini yon fason pou leta aysyen chache lòt sous finansman pou realize lòt kalite pwojè kap bon pou kominote a.
Alatèt jeneral DINEPA a, ale pi lwen pou fè ansanm fim konstriksyon yo konnen pa genyen pèdi tan ankò; fòk apati 10 mas 2026 lan, travay yo dwe prè pou remèt leta aysyen vil la ak DINEPA, yon fason pou desèvi kominote a, anmenmtan tou komèsyalize dlo e kreye djòb ak rantre tchotcho nan kès leta a.






