Nòdwès Anba Gwo Menas : Popilasyon an Lanse Yon Apèl Ijans bay Police Nationale d’Haïti pou Sove Depatman an

02/22/2026
Pòdpe, Ayiti ______(TRiboLAND) Divès sitwayen nan depatman Nòdwès la ap lanse yon kri “pote sekou” bay Vladimir Paraison, ki se Direktè Jeneral Polis Nasyonal la (PNH), pou sa yo konsidere kòm yon neglijans nan repatisyon blennde ak lòt materyèl sekirite atravè depatman yo.
Daprè plizyè temwayaj, sitiyasyon ensekirite a kontinye ap ogmante nan zòn tankou Ti Bwadòm ak SenLwi Dinò, kote gwoup ame yo, tankou gang “Ti Bwadòm” ak “Ti Rach” ap simen laperèz ak laterè nan mitan popilasyon an. Chak jou ki pase, moun ap viv anba gwo tansyon, pandan zak teworis ak atak ame pa sispann rapòte.
Sitwayen yo denonse lefèt ke pandan lòt depatman resevwa blennde ak ranfòsman materyèl pou pèmèt lapolis fè travay li miyò, Responsab yo ta sanble pase chifon sou sitiyasyon Nòdwès la, jan sa toujou fèt malgre gravite sitiyasyon an. Yo fè konnen depatman sa a, ki gen yon istwa fyète nan batay pou endepandans peyi a, pa dwe kontinye trete tankou “paran pòv” lè se kesyon sekirite nasyonal la.
An menm tan, yo egzije tou Direktè Depatmantal PNH nan Nòdwès la, Fred Joseph, pou li pran plis inisyativ ak leadership nan jere kriz la, olye popilasyon an santi gen pasivite devan menas k ap ogmante chak jou. Kèk konpatriyòt menm ale pi lwen, kote yo pa sispan poze kesyon: ki peche Kapwà Lamò te komèt kont peyi Dayiti, ki fè lakay li ou kote li fèt la toujou trete an paran pov?
Popilasyon Nòdwès la ap mande wo kòmandman PNH la pou sispann santralize ekipman sekirite yo, e pou li pran responsabilite li, asire yon distribisyon ki jis nan materyèl yo, epi mete anplas estrateji konkrè pou reprann kontwòl sou zòn ki anba menas yo, pou lavi ak byen moun kapab pwoteje efektivman.






