Dènye omaj pou Delege Rock Exceus nan Bonbadopolis

446
0
Share:
TRiboLAND

02/21/2026

Bonbad, Ayiti _____(TRiboLAND) Jodi samdi 21 fevriye 2026 la, fineray Delege Rock Exceus chante nan Legliz Katolik Sen François d’Assise, an prezans fanmi li, zanmi, ak plizyè gwo otorite nan depatman Nòdwès la. Pami yo te genyen Komisè Gouvènman Pakè Pòdpe a, Jeir Pierre, Direktè Depatmantal MTPTC a, Angelo Horacius, Vis-delege yo, majistra divès komin nan depatman an ak otorite nan fòs Lame a, Minis Defans lan Michel.

Pandan lavi li, Rock Exceus te rann anpil sèvis peyi a. Li te sèvi nan Lame Dayiti, li te eli kòm Depite pou sikonskripsyon Bonbadopolis, Bèdèyèn ak Mòl Sen Nikola nan epòk kote yo te fòme yon sèl teritwa elektoral. Li te okipe pòs Direktè Jeneral Ofis Nasyonal Migrasyon (ONM) epi li mouri pandan li t ap sèvi kòm Delege depatmantal Nòdwès. Li te rann dènye souf li nan Pòtoprens, 10 fevriye ki sot pase a, apre yo te jwenn li tonbe lakay li.

Daprè plizyè moun nan kominote Bonbadopolis la, se yon pèsonalite ki te trè pwòch pèp la ki disparèt. Yo dekri li kòm yon moun senp, aksesib, toujou prè pou lonje men bay sila ki nan bezwen. Lanmò li kite yon gwo vid nan kè fanmi li, nan kominote a ak nan administrasyon piblik la.
Ale anpè Delege Rock Exceus! Travay ou ak angajman ou pou devlopman Nòdwès la ap kontinye pale pou ou

Share:

Leave a reply