Bòs Afriken onore Mèt Fanuance Hodney : Yon rekonesans ki selebre vwa ki leve talan nan Pòdpe

343
0
Share:
TRiboLAND

02/16/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan yon jès plen emosyon ak rekonesans, Bòs Afriken, PDG Institut Professional KUMBAYA du Nord-Ouest, remèt yon plak donè bay Fanuance Hodney kòm siy apresyasyon pou premye opòtinite li te jwenn pou pale nan radyo nan vil Pòdpe. Se gras ak mikwo Mèt Fanuance li te kapab fè tande vwa li piblikman, yon etap enpòtan nan chemen li kòm lidè kominotè ak antreprenè angaje.

Bòs Afriken se yon veritab modèl nan sosyete a. Li pa janm wont rakonte istwa li kòm ansyen bouretye. Okontrè, li itilize pase li pou enspire lòt jèn. Daprè temwayaj li, se endiyasyon li te sibi nan men yon moun ki te fè l fè kòve ki te pouse li deside kite bourèt la pou l al aprann yon metye. Desizyon sa a te chanje lavi li. Apre li fin metrize metye li, li kreye Institut Professional Kumbaya, ki jodi a vin tounen youn nan pi bon sant fòmasyon pwofesyonèl nan depatman Nòdwès la.

Enstitisyon an gen syèj sosyal li nan Ri Kapwa nan Pòdpe, men li elaji sèvis li nan plizyè zòn tankou Lapwent, Chansòlm, Chanpay ak Basen Ble. Depi lè Mèt Fanuance pran mikwo, li toujou mete aksan sou valorize tout sa ki bon nan sosyete a. Se poutèt sa jès Bòs Afriken an pa sèlman yon rekonesans pèsonèl, men yon ankourajman pou Mèt Fanuance kontinye mete pwojektè sou moun k ap travay seryezman pou devlopman kominote a. Se konsa youn leve lòt, epi sosyete a grandi.

Share:

Leave a reply