BSAP Sidès demanti de (2) endividi ki te prezante tèt yo kòm ajan kò a

156
0
Share:
TRiboLAND

02/12/2026

Jakmèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Direksyon Depatmantal Brigad Siveyans Zòn Pwoteje yo (BSAP) nan Sidès pibliye yon nòt enfòmatif pou fè limyè sou ka de (2) endividi ki te arete pou zam ilegal dimanch 8 fevriye 2026 la. Daprè enfòmasyon ofisyèl yo, moun sa yo te prezante tèt yo kòm ajan BSAP.

Nan nòt ki pote referans GQG/DDS/BCB-SE021026, Direksyon Depatmantal BSAP Sidès la presize apre verifikasyon ki fèt nan rejis ofisyèl enstitisyon an, non Dawins STENFIL ak HILER Jean Fader Darius pa parèt sou okenn lis ajan BSAP nan depatman an.

Otorite yo fè konnen klèman ke de endividi sa yo pa gen okenn lyen ofisyèl ak BSAP Sidès, e yo pa rekonèt yo kòm manm estrikti a. Deklarasyon sa a vize pwoteje imaj ak kredibilite enstitisyon an, pandan li evite popilasyon an twonpe sou kesyon idantite ajan leta yo.

Direksyon Depatmantal la fè konnen li rete vijilan e li deja pran dispozisyon ansanm ak Lapolis nan Sidès, Delegasyon depatmantal la ak Lamèri, pou anpeche nenpòt moun mal entansyone itilize non BSAP pou komèt zak ilegal.

Nan fen dokiman an, ki pote siyati Toussaint Joseph Franck, Direktè Depatmantal BSAP Sidès, otorite yo renouvle angajman yo pou kolabore ak fòs lòd yo epi kontinye travay pou sekirite ak pwoteksyon zòn pwoteje yo nan depatman an.

Share:

Leave a reply