Yon chèf gang gran panpan benefisye Bwa Kale nan moman yon seremoni vodou nan komin Gresye

340
2
Share:
TRiboLAND

01 – 08 – 2024

Gresye, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon seremoni vodou pye blanch ki tap djaye nan Mason, komin Gresye, Leriche, yon gro chèf gang kriminèl arive kalifye nan program “Bwa kale” a, program viza Bawon an.

Nouvèl yo fè konnen ke Leriche te yon chanpyon nan dirije yon group gang kriminèl ki base nan zòn Santo nan Leyogann. Yo reproche gang kriminèl la pou zak vyolans, brakaj, dap piyanp e asasina; yon ansanm zak kriminèl ki mete popilasyon an ankolè.

Se konsa, nan moman li tap asiste yon seremoni lèsen, anprezans plizyè patisipan, chèf gang kriminèl la ta pral tonbe anba men yon ekip sitwayen ki aswafe jistis, inisye Leriche “Bwa kale” aprè ke yo te finn idantifye li nan lafoul. Kidonk, mache chèche pa dòmi san soupe! Sa pat pran tan pou lwa bondong vodou a antre nan tèt patisipan yo; baton, wòch, manchèt e latriye te fè va sou Leriche e pase li alenfinitif.

Share:

2 comments

  1. Ducasse Christopher 9 January, 2025 at 09:07 Reply

    Oooo se byn sa mw kontan. Sa malgre lè yon gang mouri gen plis ke 5 ki gentan reposte ankò
    Triboland latortue panj

Leave a reply