Mèri Pòdpe sispann tout aktivite pre-kanaval

02/05/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Mèri Pòdpè anonse sispansyon imedya tout aktivite pre-kanaval nan espas iben vil la, apre yon ensidan grav ki te koute lavi yon jèn gason 1e fevriye 2026 la. Desizyon sa a pran nan yon kontèks kote plizyè fanmi ak sitwayen t ap eksprime gwo kè sote sou kesyon sekirite pandan parad bann a pye yo, sitou nan lari vil la.
Dapre yon nòt ofisyèl, Mèri a te resevwa plizyè plent sou konpòtman danjere ki te konstate pandan aktivite pre-kanaval yo, tankou prezans moun ak zam nan mitan foul la. Youn nan aktivite sa yo te vire an dram, ak lanmò yon jèn gason, sa ki te ogmante tansyon ak laperèz nan kominote a.
Fas ak risk sa yo, otorite minisipal yo entèdi tout bann a pye sèvi ak lari piblik yo pandan peryòd pre-kanaval la, epi avèti ke tout vyolasyon ap sibi sanksyon dapre lalwa.
Mèri a lanse yon apèl pou responsablite kolektif ak kolaborasyon sitwayen yo pou pwoteje lavi moun, pandan yon pati nan popilasyon an kritike desizyon an epi mande otorite yo pran plis responsablite pou garanti sekirite pandan fèt yo, olye yon parèy desizyon malatchong






