ALÈT METEYO : Yon Fwon Frèt Chaje Lapli ak Van Pral Fraye Ayiti Pandan Weekend nan

02/05/2026
Ayiti _____(TRiboLAND) Daprè Berthony pou SOS Haïti-Météo, yon nouvo fwon frèt ki chaje anpil imidite ap travèse Pòtoriko, Repiblik Dominikèn ak Ayiti pandan weekend k ap vini an. Fenomèn sa a kapab lakòz yon gwo desann tanperati, ak yon sansasyon frèt ki ka vin pi sevè pase sa popilasyon an abitye konnen, sitou nan zòn ki pi wo yo.
Fwon frèt sa a ap trennen dèyè li anpil lapli ak van fò, ki kapab lakòz inondasyon lokalize, glisman tè ak deranjman nan aktivite sosyal ak ekonomik yo. Daprè previzyon yo, depatman ki nan Gran Nò peyi a ansanm ak yon pati nan Sid la ap pami rejyon ki gen plis risk pou sibi pi gwo fwape yo pandan pasaj move tan sa a.
Fas ak sitiyasyon sa a, otorite yo ak sèvis meteyo yo konseye popilasyon an rete vijilan, evite deplasman initil, epi suiv tout konsiy sekirite yo. Yo ankouraje sitwayen yo pran prekosyon espesyal pou timoun, granmoun aje ak moun k ap viv nan zòn ki konn inonde, afin pou limite pèt ak domaj pandan epizòd meteyowolojik sa a.






