Jistis frape fò nan Pòdpe : Apantè Joël Caprice arete nan dosye vòlè tè

02/03/2026
Pòdpe, Ayiti ______(TRiboLAND) Gouvènman Pakè Pòdpe a, Me Jeir Pierre, fè arestasyon apantè Joël Caprice jodi lendi 02 fevriye 2026 la. Enfòmasyon sa a sòti dirèkteman nan men chèf Pakè a, selon sa redaksyon TRiboLAND rive konfime. Daprè chèf Pakè a, Joël Caprice se youn nan apantè ki pi souvan enplike nan dosye konfli fonse nan jiridiksyon Pòdpe a. Pou kounya, li trouve l nan gadavi komisarya Pòdpe a, an atandan pwosesis jidisyè yo kontinye.
Otorite jidisyè yo fè konnen non Joël Caprice te deja site nan plizyè plent ki gen rapò ak manipilasyon dedokiman, litij tè, ak pratik sispèk ki lakoz anpil sitwayen pèdi pwopriyete yo. Daprè sous yo, apantè a t ap opere nan yon sistèm ki kontribye anpil nan dezòd fonse ki egziste depi plizyè ane nan depatman Nòdwès la. Arestasyon sa a vini kòm yon siy klè volonte Pakè a pou mete lòd nan sektè a.
Aksyon sa a antre nan kad batay Komisè Gouvènman an ap mennen pou estope emoraji vòlè tè nan Nòdwès la. N ap raple, gen kèk mwa deja, Me Jeir Pierre te denonse egzistans yon rezo eskanmòtè nan jiridiksyon an, kote plizyè aktè, enkli moun ki gen “tout plim, tout plimay”, ta mele nan pratik dechèpiye tè sitwayen yo. Popilasyon an ap tann pou wè si dosye sa a ap make yon veritab pwen depa nan netwayaj sistèm fonse a nan rejyon an.






