Eskandal nan BSAP Nòdwès : Responsab yo pote presizyon aprè tansyon maten 14 janvye 2026 lan

01/15/2026
Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Aprè eskandal ki te eklate nan mitan ajan Brigad Sekirite pou Zòn Pwoteje (BSAP) nan Nòdwès maten mèkredi a, responsab depatmantal la, Métayer Robinet, pran lapawòl pou fè limyè sou sitiyasyon an.
Daprè Métayer Robinet, ajan ki te enplike nan eskandal la se ajan iregilye ki t ap fonksyone andeyò prensip ak règ enstitisyon an. Li presize mesye sa yo te fè pati yon estrikti paralèl yo rele kò “Lewopa”, yon gwoup Petit Paul Ronald te mete sou pye dèyè do otorite konpetan yo, nan yon peryòd kote li te oto-proklame tèt li kòm direktè BSAP la.
Responsab depatmantal la ajoute, depi plizyè mwa, ajan sa yo te deja abandone BSAP, paske li pa t dakò ak lojik dezòd ak pratik yo t ap adopte. Depi lè direksyon nasyonal la te pran desizyon pou kraze kò Lewopa a, mesye sa yo te koupe tout relasyon ak kòmandman legal BSAP la.
Métayer Robinet te klè sou pozisyon li :
Nenpòt ajan k ap chèche simen dezòd pa gen plas li nan BSAP. Enstitisyon an pa mache nan lojik anachi.
Yon lòt bò, Blaise, ki se responsab operasyon BSAP nan Nòdwès, pote yon demanti fòmèl sou akizasyon ki ta fè kwè li te rale zam sou ajan yo.
Daprè Blaise, mesye yo te rive nan biwo a maten an ak entansyon kraze brize, sa ki te menase sekirite lokal la. Antanke moun ki te responsab pou sekirite perimèt biwo a, li te opoze aksyon sa yo. Se nan moman tansyon an, youn nan mesye yo ta rive mòde li nan men.
Responsab operasyon an soutni, menm jan ak sa direksyon depatmantal la fè konnen an, moun sa yo pa ajan regilye BSAP, men yo se manm yon kò ilegal Ronald te mete sou pye. Yon sitiyasyon ki relanse kesyon sou disiplin ak lejitimite nan BSAP






