NOWÈL : Solidarite nan Lafwa, nan KRIS LA, EMANYÈL.

240
0
Share:
TRiboLAND

Café civique et NOËL du 25 décembre 2025

Chères et chers compatriotes,
Chères sœurs et chers frères dans l’Emmanuel,
Chères lectrices,
Chers lecteurs,

En 2020, André Michel, l’un des fossoyeurs de la République, avait déclaré que « Pèp la pa nan fèt » paske li nan ENSEKIRITE, li pa ka « MANJE ».

Jodi ya, mwen pa konnen sa André Michel panse.

Pou mwen men’m sityasyon Ti pèp la, Ti moun nan lari yo, fanmiy deplase yo, fanmiy moun yo kidnape yo, moun kap viv nan mandisite yo, moun ki malad ki pa ka jwen’ swen, gro pèp la, plantè yo, komèsan yo, chofè kamyon transpò yo, Madan Sara yo, Lekòl prive yo, paran ki pa gen sekou ni nan peyi ya, ni nan dyaspora, Kafe Sivik PA GEN KOURAJ pou li di nou
« JWAYE NOWÈL », men li di nou « PA DEKOURAJE ».

Lavi ya, se yon BATAY. BATAY POU NOU DEFAN’ TOUT DWA NOU, TOUT DWA DINYITE MOUN, TOUT DWA FANM, TOUT DWA TIMOUN, TOUT DWA KONSTITISYON WAN BAN NOU, TOUT DWA POU DESANTRALIZASYON, TOUT DWA KOLEKTIVITE TÈRITORYAL YO.

Se kon sa, nou va rive CHANJE KONDISYON NOU lè nou DESIDE PRAN AVNI NOU AK PITIT NOU NAN MEN.
Patriyotik Salitasyon
Solidarite nan Lafwa, nan KRIS LA, EMANYÈL.
Hérard LOUIS
Genève, le jeudi 25 décembre 2025

Share:

Leave a reply