ITDP lanse inisyativ pou netwaye ak repare latrin kominotè yo nan vil Pòdpè

233
0
Share:
TRiboLAND

12/20/2025

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Òganizasyon ITDP (Inyon Tèt Ansanm pou Devlope Pòdpè) anonse lansman yon inisyativ enpòtan ki vize netwaye ak repare plizyè latrin kominotè ki te konstwi an kolaborasyon ak OIM nan lane 2009.

Latrin sa yo, ki lokalize depi nan pye mòn komisarya a, pase pa zòn Bèlvi, rive jouk nan Bouchi, ap sèvi plizyè santèn fanmi chak jou. Sepandan, aprè plis pase 15 lane itilizasyon san antretyen regilye, anviwon 15 latrin rive nan yon sitiyasyon kritik.

Daprè konsta ki fèt sou teren an, anpil nan latrin yo plen, genyen ladan yo ki gen miray kraze, balistrad deteryore, e kondisyon ijyèn yo pa ankò adapte pou itilizasyon kominotè. Aprè yon evalyasyon teknik bò kote bòs kap repare yo ak espesyalis bayakou, ITDP estime ke li pral bezwen apeprè 500 000 goud pou reyalize travay netwayaj ak reparasyon yo.

Sekretè Jeneral òganizasyon an, Mèt Fanuance, lanse yon apèl solidè bay tout moun ki gen bòn volonte, enstitisyon, òganizasyon ak sitwayen angaje, pou ede yo pa kite enfrastrikti sa yo pèdi.

Latrin sa yo te konstwi nan kad batay kont pratik defèkasyon a lè ouvè, sitou bò lanmè a, yon pwoblèm ki kontinye poze gwo risk pou sante piblik nan plizyè zòn kote Leta souvan absan.

ITDP fè konnen li deja ap travay sou planifikasyon pwojè a, ak objektif pou lanse travay yo nan premye trimès ane 2026 lan, si resous finansye yo reyini alè.

Moun oswa enstitisyon ki vle bay sipò kapab kontakte sekretarya ITDP sou: (+509) 3797 2409, 4348 2473
(apèl oswa WhatsApp).

Share:

Leave a reply