Eskandal nan tèt Pati Pitit Desalin nan Nòdwès : konfli ouvè ant Altiery Etienne ak Réginald Pierre

316
0
Share:
TRiboLAND

12/17/2025

Pòdpe, Ayiti _______(TRiboLAND) Yon gwo tansyon pete nan tèt pati politik Pitit Desalin nan depatman Nòdwès la, kote Kòdonatè depatmantal la, Altiery Etienne, ak Pòt Pawòl pati a, Réginald Pierre, tonbe nan akizasyon grav youn kont lòt. Daprè deklarasyon Altiery Etienne, Réginald Pierre ap ransone sitwayen nan depatman an sou non pati a, yon pratik li di ki pa gen plas ditou nan filozofi ak disiplin Pitit Desalin. Kòdonatè a fè konnen ak anpil fèmte, li pap tolere okenn fòm piyaj, e li deklare klèman “sa fini”.

Altiery Etienne ale pi lwen pou l akize Pòt Pawòl la dèske li ta ap itilize non lidè nasyonal pati a, Moïse Jean Charles, pou enpoze desizyon pèsonèl li, tankou pou l fè kwè “tout sa Moïse di, se amèn”, Kòdonatè depatmantal di yerachi a dwe respekte, san sa se Okap pou Réginald monte. Anplis, Kòdonatè a fè akizasyon grav sou sa li rele relasyon ant Réginald Pierre ak Ajan Egzekitif Enterimè Pòdpè a, Josué Alusma, kote li di Pòt Pawòl la ta ap touche lajan nan men li.

Altiery denonse tou yon tantativ Réginald ta genyen pou mete divizyon ant li menm ak majistra Sen Lwi Dinò, yon komin li prezante kòm pi pwòp pase Pòdpè, pandan chèf lye depatman an ap fè fas ak yon sitiyasyon difisil ak yon majistra ki sou pouvwa depi anviwon 10 lane.

Daprè Altiery Etienne toujou, tout demach ak “entèresant” Réginald Pierre ap mennen nan Sen Lwi Dinò yo pa pote okenn benefis pou pati a nan komin lan. Li fè konnen plizyè manm elit nòlwizyèn an deja kritike konpòtman awogan Pòt Pawòl la, yon moun yo di ki pa menm soti nan komin lan e ki pa fòme. Sitiyasyon sa a kontinye ap mete lwil sou dife a, pandan gwo tòchon ap boule ant de dirijan yo depi yon bon bout tan.

Jodi a, kesyon an rete poze : èske Moïse Jean Charles ap deside entèvni pou mete lòd nan Pitit Desalin nan Nòdwès, oswa èske kriz sa a pral kontinye ap fè pati a pèdi plim pi plis toujou? Dosye a rete ouvè, e tout je rete fikse sou pwochen desizyon direksyon nasyonal la.

Sepandan, kèk revelasyon ta fè konnen ke Moise Jean Charles pap tèlman pozisyone li kont Réginale ki ta sanble nan reselè ak Josué Alusma; kidonk, lidè pati a te enplike nan gwo tranzaksyon dezonèt pou te arive rekondwi majistra sangwen Pòdpè a nan yon pòs ke lap grate santi pandan plis pase 10 lane.

Genyen anpil gwo ramifikasyon ant Moise Jean Charles, Réginald Pierre ak Josué Alusma; malerezman Altiery Etienne pa konnen sa ki te pase yo; li ta sanble li pran anba 3 mèt dam.

Share:

Leave a reply