Pawas Sentelèn Karis : selebwasyon 25 lane egzistans Koral Fratènite Bwagamèl (COFRAB)

316
0
Share:
TRiboLAND

12/14/2025

Dimanch 14 Desanm 2025 make yon dat istorik pou kominote kretyèn pawas Sentelèn Karis la. Se yon gran jou pou Koral Fratènite Bwagamèl (COFRAB) ki arive selebre 25 lane egzistans li nan sèvis legliz Bondye a.

Nan lane 2000, koral la te pran nesans sou non koral kòdinasyon Bwa Gamèl; aprè kèk lane non an te vin chanje an Koral Fratènite Bwagamèl. Jodi dimanch 14 desanm 2025 lan, sa fè 25 lane depi asosyasyon eklezyastik la, kanpe djanm nan chante, lapriyè, ak anime mès elatriye nan travay Granmèt la.

COFRAB, se 2è koral ki te fonde nan Pawas Karis touswit aprè koral Sentelèn. Pou make 25 lane sila, li te anviwon 8tè nan maten, yon bèl mès aksyon degras te rive chante anba lobedyans koral Fratènite e prezide sou direksyon kire pawas la reveran, pè Wilson Exantus Andre avèk reveran pè Paul Danord Isidor, vikè pawas la. Anpil fidèl Katolik te mobilize, ansyen ak nouvo manm koral la, san konte yon latriye lòt manm gwoup ak koral te rasanble pou di mèsi Bondye pou bèl travay COFRAB ap fè nan pawas la.

Selebrasyon 25 lane sa fèt anba lidèchip mesye Sainfirmain ALEXIS, ki se prezidan aktyèl COFRAB. Nan tèt kole ak plizyè lòt manm, lidè a arive mete disiplin, lanmou ak lòd nan estrikti sila, ki fè fyète kongregasyon eklezyastik la nan komin Karis.

COFRAB se yon espas byen disipline, ki ankouraje jèn tout kalite sèvi Bondye ak talan yo.

Louendy Jean

Share:

Leave a reply